Ministè Edikasyon òganize atelye sou preparasyon liv inik pou 4 premye ane lekòl fondamantal la

Ministè Edikasyon òganize atelye sou preparasyon liv inik pou 4 premye ane lekòl fondamantal la post thumbnail image

By: Rezo Nodwes 27 mai 2022

Vandredi 27 me 2022 ((rezonodwes.com))– Ministè Edikasyon nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl (MENFP) demare jounen jedi 26 me 2022 a, nan otèl Royal Oasis nan Petyonvil, yon atelye k ap dire 2 jou sou zafè liv eskolè inik la pou kat premye ane lekol fondamantal la. Liv ki pou itilize nan tout lekòl peyi d Ayiti, daprè desizyon Minis Nesmy Manigat ki te deja kòmanse reflechi sou koze sila a depi nan lane 2015 pandan premye pasaj li nan tèt ministè a.

Se Minis Nesmy Manigat ki te louvri atelye sa a sou liv inik lan k ap rapouswiv pandan jounen vandredi 27 me 2022. Yon aktivite k ap dewoule sou lobedyans Direksyon Kourikoulòm ak Kalite (DCQ nan lang fransè) ministè a.

Plizyè espesyalis, teknisyen nan ministè a ak reprezantan kèk mezon edisyon patisipe nan gwo aktivite refleksyon sa a sou liv inik lan. Objektif la se pèmèt ministè rive oryante pi byen faz final dosye sila a, e tande premye aktè yo ki konsène nan dosye liv inik tankou paran yo, edikatè yo ak antrepriz k ap pwodui liv yo.

Aktivite sila a marye ak refòm k ap fèt nan sektè edikasyon an, sitou nan sa ki konsènen refòm kourikoulòm nan. Suivan metòd oryantasyon atelye a, patisipan yo te gen pou yo bay dizon yo sou dosye sa a epi fè pwopozisyon valab ki ka pèmèt ministè a redije yon kaye dechay sou liv eskolè inik la.

Pou Minis Nesmy Manigat, – ki pa sispann denonse gaspiyay lajan lè yo bay yon timoun nan premye ane fondamenta l pote 17 liv nan sak lekol li -, liv inik la se yon inisyativ k ap pèmèt plis jistis sosyal, aksè ak ekite. Minis la rapouswiv pou l di desizyon sa a vize bay tout timoun, san distenksyon, menm chans pou devlope kapasite ak konesans yo epi reyisi pakou lekòl yo pi byen.

Dapre nimewo En MENFP an, liv inik lan ap gen tout sa k ap nesesè pou yon timoun konnen ; sa li dwe konnen ki gen awè ak lekti, matematik, syans, elatriye.Nan premye jounen Atelye sa a, plizyè reprezantan mezon edisyon pataje ekperyans ak konpreyansyon yo sou dosye liv inik lan. Yo bay dizon yo tou nan sans li ta dwe vanse pou li kapab bay bon rezilta yon moun kapab obsève nan kalite konpetans timoun yo.

« Nou tout gen pou obligasyon e mwen konte sou kalite travay pwofesyonèl mezon edisyon yo pou n pase de 17 liv a yon kantite ki pèmèt paran ak Leta soulaje gras ak rediksyon kantite lajan yo oblije mete sou kote pou achte yon pil ak pakèt liv, se sa Minis Manigat te deklare nan okazyon an.

Gérard Marie Tardieu, reprezantan Edisyon Kopivit ; Peter Frisch, reprezantan Maison d’Édition Henri Deschamps ; Madan Frank Paul reprezantan Edisyon Kanapevè ; Charles Tardieu, reprezantan Edisyon Zemès ak Jocelyne Trouillot, reprezan Edisyon Inivèsite Karayib, se kèk pami moun ki te pataje ak assitans la eksperyans yo sou dosye liv inik.

Nan yon twazyèm moman pandan premye jounen atelye sa a patisipan yo te òganize twa gwoup pou reflechi sou kesyon an. Se Direktè jeneral Ofis nasyonal Patenarya Edikasyon (ONAPE) an fransè), Hervé Boursiquot, ak Direktris Kourikoulòm ak Kalite a, Marjorie Télusma ki te oryante epi sipèvize travay gwoup yo. Ki apwòch ki pou adapte nan travay konsepsyon liv inik lan, se te sou kesyon sa a patisipan yo te reflechi. Anpil lide te parèt ; diskisyon yo te enteresan ; anpil pwopozisyon te fèt sou jan pou ministè a vanse ak kesyon sa a.Atelye sa a ap rapouswiv pandan jounen vandredi 27 me 2022 a.

Biwo kominikasyon