ORDEDH anonse yon sit-in madi 7 jen devan konpayi Digicel pou move sèvis

ORDEDH anonse yon sit-in madi 7 jen devan konpayi Digicel pou move sèvis post thumbnail image

By: Rezo Nodwes 31 mai 2022

Nòt pou laprès ORDEDH

SIT-IN POU MADI 7 JEN 2022 KONT MOVE SÈVIS, DOUVAN KONPAYI TELEFÒN DIGICEL.

Madi 31 me 2022 ((rezonodwes.com))–

Òganizasyon pwomosyon ak defans dwa fondamantal yo ORDEDH konsatate ak anpil emosyon zak malonèt  konpayi telefòn yo pandan dènye jou sa yo.

ORDEDH atravè komisyon sou dwa konsomatè li, remake depi plizyè lane, enstitisyon leta  CONATEL ki la pou regile sistèm telefoni an nan peyi an fayi ak misyon li, kote yo pa jan’m pran pozisyon sou ansan’m abi popilasyon an ap sibi anba men eksplwatatè sa yo.

ORDEDH kondane konpòtman konpayi DIGICEL ki  pwofite kriz politik peyi a,  kote yo deside ogmante fre sèvis  yo avek 179% ,nan yon kontèks kote leta a pa egziste sou oken’n fòm.

ORDEDH kwè yon zak konsa pa dwe rete san oken’n aksyon pa poze, fòk tout popilasyon an ini avèk yon sèl vwa pou nou di NON SeTwòpAtò.

ORDEDH pwofite okazyon sila pou li envite konsomatè yo nan yon gwo Sit-In douvan DIGICEL nan dat kap MADI 7 JEN 2022, nan 10è nan maten pou nou rele chalbare deyè piyajè kap anrichi tèt yo mal nan peyi a, pou nou al di ak responsab DIGICEL yo nou pa vle sa. Fòk sistèm peze souse a kaba.

ORDEDH rekòmande

Ak ministè Komes (MCI) pou kreye bonjan mezi pou dote peyi a  yon kòd sou Zafè dwa konsomatè , pou popilasyon san defans lan sispann viktim zak maspinay..

Ak komisè gouvènman an pou li bay swit ak ansanm plent ki depoze pou konpayi telefoni yo , epi pou popilasyon an kapab jwenn jistis.

NON AK ABI   /    NON AK PEZE SOUSE  /     WI POU YON LWA POU PWOTEKSYON DWA KONSOMATÈ !

Pòtoprens 30 me 2022 

Biwo Kominikasyon Dwa Konsomatè ORDEDH