Operasyon al chache Ariel Henry nan èpòt vandredi

Operasyon al chache Ariel Henry nan èpòt vandredi post thumbnail image

By: Rezo Nodwes 8 septembre 2022

Jeudi 8 aout 2022 ((rezonodwes.com))—Ariel Henry ki kite Ayiti brid sou kou mèkredi maten pou yon swadizan rankont ak kèk envestisè nan Miami, ta sipoze retounen vandredi nan Pòtoprens. Men se pap ak branch lorye ak ramo olivye key o pral resevwa.

Dapre enfòmasyon kap sikile ke Rezo Nòdwès verifye, ta sanble gen gwo konsètatsyon kap pwograme pou lanse yon gwo mouvman vandredi sou non “Operasyon al Chache Ariel nan Epot”.

Mouvman sa pap la pou woule tapi wouj anba pye misye Premye mins la, paske lè li tap kite peyi-a mekredi pat gen pyes tapi kite dewoule pouli. Daye imaj jan Dok la chita nan avyon an mekredi bay anpil moun ke plen pou se eta sa vizaj peyi a desann ak moun PHTK say o ki gen foli pouvwa men ki pa ka regle anyen pou peyi-a.

“Operaryon Al Chache Ariel nan Epot” se yon moman tout moun ap swiv sitou ke lapolis ki pa danse kole ak moun ki pa gen zam toujou pre pou simen bal kawoutchou ak gaz sou tout gwoup moun ki soti pou mande demisyon  ekip PHTK3 ki mete peyi  a nan yon two uke Jovenel Moise te foure deja.

Nap swiv. Antretan, gen yon enfòmasyon ki poko konfime fè konnen Dr Ariel Henry ta rankontre ak ansyen prezidan Michel Martelly nan Floride. Eske mouche Sweet Micky se ta yonn nan envestise yok e moiuche Henry gen poul rankontre ?